KESYON MOUN POZE SOUVAN SOU KANTIN LEKÒL GRATIS AK ORABÈ

Lonè Paran / Gadò:

Timoun yo bezwen manje ki gen vitamin pou yo aprann. Archimedean Academy Inc ofri manje vitamine chak jou lekòl la. Pri Dejene [$3.85]; pri manje midi [$7.25]. Pitit ou yo ka kalifye pou repa gratis oswa pou repa orabè. Orabè a se [$0.30] pou manje maten ak [$0.40] pou manje midi. Pake sa a gen ladan yon aplikasyon pou avantaj repa gratis oswa pri redwi, ak yon seri enstriksyon detaye. Anba a gen kèk kesyon komen ak repons a ede w ak pwosesis aplikasyon an.

  1. 1. KI MOUN KI KAPAB RESEVWA REPA GRATIS OSWA ORABÈ?
    • Tout timoun ki fè pati kay la k ap benefisye avantaj nan men [State SNAP], [the Food Distribution Program on Indian Reservations (FDPIR)] oswa [State TANF], yo kalifye pou repa gratis.
    • Timoun adoptif ki anba titèl yon ajans akèy familyal oswa yon tribinal kalifye pou repa gratis
    • Timoun ki patisipan pwogram Head Start lekòl yo kalifye pou repa gratis
    • Timoun ki reponn ak definisyon sanzabri, wazif, oswa pèleren kalifye pou repa gratis
    • Timoun yo kapab resevwa repa gratis oswa orabè si revni kay ou a tonbe nan barèm ki sou Gid pou Kalifikasyon Revni Federal la. Pitit ou yo kapab kalifye pou repa gratis oswa orabè si revni kay ou a piba oswa egal barèm yo sou tablo sa a.

      [TABLE HERE]

  2. 2. KIJAN POU MWEN KONNEN SI PITIT MWEN KALIFYE ANTANKE SANZABRI, PÈLEREN, OSWA WAZIF? Èske moun yo ki manm kay ou manke yon adrès estab? Èske ou rete ansanm nan yon abri, otèl, oswa lòt abripwovizwa? Èske ou fanmi ou te deplase sou yon baz sezon? Èske nenpòt timoun ki abite avèk ou te chwazi kite fanmi fondalnatal yo oswa kay la? Si ou kwè timoun lakay ou reponn deskripsyon sa yo epi yo pa te di timoun ou yo ap resevwa repa gratis, tanpri rele oswa voye imel [Wendy Abdulmesih 305-279-6572 ou imel [email protected]].
  3. ÈSKE MWEN BEZWEN RANPLI YON FÒM APLIKASYON POU CHAK TIMOUN? Non. Sèvi ak yon sèl fòm Aplikasyon pou Kantin Lekòl gratis ak Orabè pou tout elèv ki nan kay ou.Nou pa ka apwouve yon aplikasyon ki pa konplè, kidonk asire ou ranpli tout enfòmasyon nesesè yo. Retounen aplikasyon ou ranpli a: [Wendy Abdulmesih 305-279-6572 ou imel [email protected]].
  4. ÈSKE MWEN TA DWE RANPLI YON APLIKASYON SI MWEN TE RESEVWA YON LÈT PANDAN ANE LEKÒL SA A KI DI YO DEJA APWOUVE PITIT MWEN YO POU REPA GRATIS? Non, men tanpri li lèt la ou te resevwa a ak anpil atansyon epi swiv machasuiv yo. Si yon timoun lakay ou te absan nan avi pou kalifikasyon w lan, kontakte [suiv lòd yo. Sizoka yon timoun nan tchò kay ou ta manke nan avi ki di ou akseptab la, kontakte] [Wendy Abdulmesih 305-279-6572 ou imel [email protected]] imedyatmang .
  5. ÈSKE MWEN KA APLIKE SOU ENTÈNÈT? Wi! Nou ap ankouraje ou ranpli yon aplikasyon sou entènèt olye yon aplikasyon sou papye, si ou kapab. Kondisyon aplikasyon sou entènèt yo menm epi yo pral mande w pou enfòmasyon a menm jan ak aplikasyon sou papye a. Vizite [https://sis.archimedean.org/lunch] pou kòmanse oswa POU aprann plis sou pwosesis aplikasyon an sou entènèt. Kontakte [suiv lòd yo. Sizoka yon timoun nan tchò kay ou ta manke nan avi ki di ou akseptab la, kontakte] [Wendy Abdulmesih 305-279-6572 ou imel [email protected]] si ou gen nenpòt kesyon sou aplikasyon sou entènèt.
  6. YO TE APWOUVE APLIKASYON PITIT MWEN AN ANE PASE. ÈSKE MWEN BEZWEN RANPLI YON NOUVO FÒM? Wi. Se sèlman pou ane lekòl sa a aplikasyon pitit ou a bon ak pou premye jou yo nan ane lekòl sa a, nan [date]. Ou dwe voye yon nouvo fòm aplikasyon sofsi lekòl la te fè ou konnen pitit ou a kalifye pou nouvo ane lekòl la. Si ou pa voye yon nouvo fòm aplikasyon ke lekòl la apwouve oswa ou pa resevwa avi ki di pitit ou a kalifye pou repa gratis, pitit ou a ap gen pou peye pri a anplen pou repa.
  7. MWEN JWENN WIC. ÈSKE PITIT MWEN AN KAPAB RESEVWA REPA GRATIS? Timoun nan kay la ki patisipan WIC kapab kalifye pou repa gratis oswa orabè. Tanpri voye yon fòm aplikasyon.
  8. ÈSKE YO PRAL VERIFYE ENFÒMASYON MWEN BAY YO? Wi. Nou ka mande w tou pou voye prèv alekri ki kore revni nan kay ou rapòte a.
  9. SI MWEN PA KALIFYE KOUNYEYA, ÈSKE M KA APLIKE ANKÒ?Wi, ou ka aplike nan nenpòt ki lè pandan ane lekòl la. Pa egzanp, timoun ki gen yon paran oubyen gadò ki vin p ap travay ka vin kalifye pou repa gratis ak repa orabè si revni nan kay la enferyè ak barèm revni yo fikse a.
  10. E SI MWEN DAKÒ AVÈK DESIZYON LEKÒL LA KONSÈNAN APLIKASYON MWEN AN? Ou ta dwe pale ak staf direksyon lekòl la. Ou kapab rele oswa ekri tou pou mande yon odit nan: [suiv lòd yo. Sizoka yon timoun nan tchò kay ou ta manke nan avi ki di ou akseptab la, kontakte] [Wendy Abdulmesih 305-279-6572 ou imel [email protected]].
  11. ÈSKE MWEN KA APLIKE SI GEN YON MOUN LAKAY MWEN KI PA YON SITWAYEN AMERIKEN? Wi. Ou menm, pitit ou, oswa lòt moun nan kay la pa oblije sitwayen ameriken pou aplike pou repas gratis oswa orabè.
  12. E SI REVNI MWEN PA TOUJOU MENM BAGAY LA?Fè lis kantite lajan an nòmalman ou resevwa. Pa egzanp, si ou nòmalman fè $ 1000 chak mwa, men ou te rate kèk jou travay mwa pase epi sèlman te fè $ 900, ekri ke ou te fè $ 1000 pa mwa. Si nòmalman ou jwenn lè siplemantè, mete li, mentou pa mete li si se pafwa sèlman ou travay pandan lè siplemantè. Si ou te pèdi yon travay oswa yo te redui nan èdtan ou oswa salè ou, sèvi ak revni ou genyen kounyeya.
  13. E SI MANM KÈK MOUN NAN KAY LA PA GEN OKENN REVNI POU LI METE NAN RAPÒ A? Manm fanmi an kapab pa resevwa kèk kalite revni nou mande w pou rapòte sou aplikasyon an, oswa ka pa resevwa revni ditou. Chak fwa sa rive, tanpri ekri yon 0 nan pati an. Sepandan, si genyen kèk pati revni ki rete vid oswa blanch, sa yo ap tou konte kòm zero. Tanpri fè atansyon pou pa kite pati revni vid, kidonk nou ap konsidere l jan ou ba nou li an.
  14. NOU NAN LAME. ÈSKE SE POU NOU RAPÒTE REVNI NOU YON FASON DIFERAN?Ou dwe rapòte peman debaz ak lajan kach bonis kòm revni. Si w ap resevwa nenpòt ki alokasyon valè lajan kach pou lojman pwovizwa, manje, oswa rad, sa a dwe rantre kòm revni tou. Sepandan, si lojman w lan rantre nan kad Inisyativ pou Privatize Lojman Militè, pa mete alokasyon lojman w lan kòm revni. Nenpòt peman ki rekonpanse konba apre deplwaman pa rantre nan kad revni tou.
  15. E SI PA GEN ASE ESPAS NAN FÒM APLIKASYON AN POU FANMI MWEN ? Fè lis nenpòt moun nan kay la ki anplis sou yon moso papye separe, epi mete li ansanm ak aplikasyon w lan. Kontakte [suiv lòd yo. Sizoka yon timoun nan tchò kay ou ta manke nan avi ki di ou akseptab la, kontakte] [Wendy Abdulmesih 305-279-6572 ou imel [email protected]].pou resevwa yon dezyèm fòm aplikasyon.
  16. FANMI MWEN BEZWEN PLIS ÈD. ÈSKE GEN POU LÒT PWOGRAM NOU TA KA APLIKE ?Pou chèche konnen kijan pou aplike pou [State SNAP] oswa lòt avantaj èd, kontakte biwo èd lokalite w la oswa rele [State hotline number].

Si ou gen lòt kesyon oswa si ou bezwen èd, rele [305-279-6572].

Respè,

[signature]

Sous Revni pou TimounSous Revni pou Granmoun
Sous revni TimounEgzanp (yo) Salè nan TravayAsistans Piblik / Pansyon alimantè / Sipò TimounPansyon / Retrèt / Tout Lòt Revni
  • Touche nan travay
  • Sekirite Sosyal
    1. Peman Enfimite
    2. Avantaj Reskape
  • Revni moun ki deyò kay la
  • Revni apatid nenpòt lòt sous
  • Yon timoun gen yon travay regilye tout jounen oswa moso jounen kote yo touche yon salè oswa peròl
  • Yon timoun se avèg oswa enfim epi ki ap benefisye avantaj Sekirite Sosyal
  • Yon Paran ki andikape, pran retrèt, oswa mouri epi pitit yo benefisye avantaj sekirite sosyal yo
  • Yon manm fanmi lwen oswa zanmi ki bay yon timoun regilyèman lajan pòch
  • Yon timoun resevwa revni regilye apatid yon fon pansyon prive, sòl ane, oswa konfyans
  • Salè, lajan peròl, bonis lajan kach
  • Revni nèt pou travay endepandan ou (fèm oswa biznis)
  • Si ou nan Lame Meriken:
    • Peman baz ak bonis lajan kach (PA gen ladan peman pou konba, FSSA oswa alokasyon pou lojman privatize)
    • Alokasyon pou lojman pwovizwa, manje ak rad
  • Dedomajman Chomaj
  • Konpansasyon Travayè
  • Revni Sekirite Siplemantè (SSI)
  • Asistans Lajan Kach ki soti nan Eta a oswa gouvènman lokal
  • Peman Pansyon alimantè
  • Peman Pansyon alimantè pou timoun
  • Avantaj Veteran
  • Dedomajman grèv
  • Sekirite Sosyal (Dedomajman retrèt ray tren ak poumon nwa)
  • Pansyon Prive oswa avantaj andikape
  • Revni regilye ki soti nan ekonomi oswa bitasyon
  • Sòl ane
  • Revni Envestisman
  • Enterè miltipliye
  • Revni Pou Lwaye
  • Peman regilye lajan kach ki soti deyò kay